← Retounen nan entrevi yo

Mond Foutbòl la: kijan li òganize, depi nan federasyon yo, pase nan club yo, rive nan jwè yo

19 Sep 2026 — 20:00

Mond Foutbòl la: kijan li òganize, depi nan federasyon yo, pase nan club yo, rive nan jwè yo
Lakou Damien Community Ronald Guillaume Sam — Host of KickOff Rubens Etienne — Host of KickOff Steevenson Petit-Frère — Ingénieur-Agronome; Pasyone Boul

Nou tout te wè jan Koup di Mond ki sòt pase la te rasanble tout kategori moun: tout laj, tout peyi, tout koulè. Jan li te kapte atansyon nou epi pote emosyon nan kè n pandan tout yon mwa. Se sa spò ye: yon lang tout moun konprann, yon bagay ki rasanble moun ansanm,menm lè tout lòt bagay ta separe yo.

Men spò se plis pase emosyon. L ap evolye, e l ap bay ti peyi yo gwo viziblite sou sèn mondyal la. Gade jan Kapvè, yon ti peyi, rive kanpe fyè nan dènye Koup di Mond lan. Pou jèn yo, spò se disiplin, se pèseverans, se yon lekòl lavi. Se poutèt sa yon sijè enpòtan konsa pa ka pase devan nou san nou pa pote yon moso konesans ladan pou kominote a.

Se konsa Lakou Damien Community ouvè yon espas espesyal pou spò, e n ap kòmanse ak foutbòl, men n p ap rete la !

Ekip Lakou Damien Sports la envite w nan premye live la